Kriz k'ap travèse peyi a

 

Asosyasyon Fanm Madlin/ Nò, Se yon asosyasyon ki gen syèj sosyal li nan adrès sa a:  # 85, Rue de L'amour, Madeline, Cap-Haïtien (Haïti).

 

AFM/Nord gen Pou misyon   defann dwa ak enterè fanm ak tifi nan sosyete a.

Tout moun ta vle gen yon bèl Ayiti men pou sa ka rive fèt, gen anpil aksyon nou dwe sispann tankou Vyolans sou fanm ak tifi ( sou kelkeswa fòm nan).

AFM Konstate ke depi anviwon yon mwa genyen yon sitiyasyon kriz ki devlope anndan peyi a sou plizyè fòm tankou : Kriz sosyal, kriz politik, kriz ekonomik, kriz gaz, pou nou site sa yo sèlman.

Kriz sa yo pèmèt anpil moun nan sosyete a ak nan pati politik yo viktim anpil tankou pèdi biznis ak kay.

Poutèt sa, AFM / Nò kondane avèk tout fòs li, zak vyolans ki fèt sou byen prive Mme Edmonde  Supplice Beauzile, yon fanm onèt, yon fanm ki gen diyite, yon fanm ki konn batay epi ki pa pè batay, yon fanm ki reprezante yon modèl Pou tout fanm k ap fè politik oubyen ki ta renmen fè politik, yon fanm ki pran tèt yon pati  politik pandan plizyè fwa nan eleksyon epi ki kolabore byen avèk tout moun yo epi ki kwè ke se nan dyalòg nou ka jwenn solisyon nan kriz k’ap travèse peyi a, ki fè Pati a fè anpil pwogrè san ke li pa nan koripsyon ni vann tèt li ak nanm li pou lajan ak pouvwa.

Zak briganday, malonèt, vyolans ki fèt sou kay Mme Edmonde Supplice Beauzile la paske li fè yon chwa politik, paske li pran yon pozisyon "Pou oubyen kont" montre ke se yon siyal klè yo voye bay tout fanm k ap fè politik oubyen ki ta vle fè politik, Pou yo fè bak, Pou yo dekouraje, Pou yo pa kontinye, Pou yo pa avanse.

 

AFM ki gen " Patisipasyon politik fanm" kòm youn nan domèn aktivite li yo, pa ka rete san l pa di anyen nan kriz sosyal, politik k ap pase Nan peyi Dayiti depi anviwon yon mwa.

 

AFM ap mande PM Ariel Henry Pou l chita tèt frèt avèk tout moun ki konsène yo (Moun ki nan leta, sektè prive ak nan sosyete sivil la), Pou l ka jwenn yon solisyon prese, prese, Pou nou ka sòti nan kriz sa nou ye la tankou:

* Desann pri pwodwi yo sou mache a,

* Mete gaz la disponib nan ponp yo,

* Mete sekirite nan peyi a,

* Pran bon jan dispozisyon pou lekòl la ka ouvri,

* Pran bon jan mezi Pou moun ki pèdi byen yo nan kriz la, kapab jwenn jistis ak reparasyon.

Ayiti se pou Ayisyen, se la nou gen pou nou viv, Ann met tèt nou ansanm pou nou fè peyi a mache byen  San vyolans.

 

  AFM/Nord.


Partagez avec vos amis