Jistis pou Petcher-Lynn

Association des Femmes de Madeline / Nord /Asosyasyon Fanm Madlin / Nò (AFM/Nord) kondane avèk tout fòs li, zak vyolans ki fèt sou madam Petcher –Lynn Ismenor Hyppolite, yon jèn enfimyè epi li se jiris k ap viv nan vil Kap-Ayisyen ki viktim de vyolans fizik nan men mari li ki rele Pincherle Hyppolite ki se yon doktè epi li se yon jiris tou nan dat ki te 13 jiyè 2022. Malgre li nan nivo sa a, sa pa anpeche li bat madanm nan anpil jis li rive pete yon grenn je li epi sa ki pi grav nan dosye a, mis la sibi gwosè vyolans sa pandan ke l ap pote yon bebe (li gen 3 mwa ansent). Pou kounye a, madam Hyppolite ap pran swen nan yon lopital Sendomeng.

Aprè tout demach fanmiy lan te fè,yo te rive jwenn yon sètifika medikal, yon manda damne, elatriye.  Tousuit aprè krim nan, misye nan mawon pandan ke lajistis mete avi rechèch dèyè li.

AFM ap mande otorite jidisyè yo, pran tout mezi ki nesesè pou yo ka mete men sou kriminèl notwa sa a, pou madam Hyppolite kapab jwenn jistis pandan ke tout manm AFM yo di Madam Hyppolite pran kouraj nan soufrans sa ke li ye a.

AFM / Nord kondane tout zak vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi nan sosyete ayisyèn nan, sitou nou konstate nan dènye ane sa yo, vyolans ogmante paske anpil fanm ap mouri epi se toujou mari yo oubyen menaj yo ki touye yo.  AFM / Nord disponib pou ede tout fanm ak tifi ki viktim fòm vyolans. N’ap mande lapolis ak lajistis pou yo pran responsabilite yo pou konbat vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi. Epi nou mande tout popilasyon an, lè ka sa yo rive se pou nou denonse yo epi pote plent devan enstans ki la pou sa.  Sonje AFM la pou ede nou.


Partagez avec vos amis